Radio Internationale d'Haïti EN DIRECT!

dimanche 25 janvier 2026

Mondyal Brezil 2027 : Foutbòl⚽ - fanm : FIFA devwale anblèm ak logo mondyal la !

 

Mondyal Brezil 2027 : Foutbòl - fanm : FIFA devwale anblèm ak logo mondyal la !


Se jodi 25 janvye 2026 lan, FIFA lanse ofisyèlman koup di mond medam senyò yo k ap gen pou fèt nan peyi Brezil nan ete 2027 k ap vini la. Nan okazyon sa a, yo te pwofite prezante anblèm, slogan epi jingle sonò konpetisyon an. Òganizatè yo vann evenman sa ki te fèt nan Vil Copacabana kòm yon fòm enklizif epi trè kiltirèl ki chaje ak koulè pou pote yon pi bon chalè ak distraksyon kay sipòtè yo.


Mondyal Brezil 2027 la, se pral 10zyèm edisyon konpetisyon an, e se pral pou premye fwa yon peyi Amerik sid la ap resevwa li. Nan lansman jodi a, FIFA prezante Slogan ki se GO EPIC, yo enspire nan enèji ki degaje nan kilti Brezil sitou nan mizik yo.  Pou logo a, se 2 W W ki idantifye Women epi World ki soti nan tèm tipik brezilyen (mulheres et mundo) ki tradui mouvman ak metriz epi rann omaj tou ak Drapo Brezilyen an. 


Pou mondyal sa, ekip Ayiti a ap defann yon tikè menm jan anpil nasyon, eliminatwa zòn nan kòmanse nan mwa novanm pase a kote medam yo te byen sòti ak yon viktwa 9-0 kont Beliz. Medam yo dwe fini nan tèt gwoup D a pou yo al jwenn Etazini ak Canada k ap tann yo pou tounwa final la. Objektif grenadyèz yo pa chanje, se retounen nan yon lòt faz final koup di mond ankò aprè patisipasyon yo an 2023 nan peyi Ostrali.


Kominikasyon FHF, Dimanch 25 janvye 2026

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Mondyal Brezil 2027 : Foutbòl⚽ - fanm : FIFA devwale anblèm ak logo mondyal la !

  Mondyal Brezil 2027 : Foutbòl - fanm : FIFA devwale anblèm ak logo mondyal la ! Se jodi 25 janvye 2026 lan, FIFA lanse ofisyèlman koup di ...