FRITZ JEAN a raté l’occasion de démissionner en direct
En présence de cinq ténors de la presse haïtienne notamment Marvel Dandin, Hérold Jean François, Frantz Duval, Gotson Pierre et Wendell Théodore. Avec un format de conférence de presse ; en lieu et place d’un format de studio-plateau propice pour une “in-depth interview”, (excusez le double anglicisme) l’ancien Directeur de la Banque Centrale avait raté de rendre son tablier.
Au contraire, comme la grenouille qui se voulait faire grosse que le bœuf, Fritz Jean, le coordonnateur du CPT, lors de cette rencontre avec la presse, avait voulu se montrer ‘en Son Excellence’, président (de la République). Il a dû être aux anges lorsqu’à plusieurs reprises il y avait eu, au moment des échanges avec les journalistes, quelques ‘M. le Président’. Mais de toutes les préoccupations préoccupantes, c’était le décor. Il avait été mal choisi.
Definitiveman, dekò a te vreman mal chwazi pou yon konseye nan yon ‘’Collège présidentiel.’’ Menm si li gen wòl senbolik de kòdonatè. O foli parèt ! O foli pouvwa ! Brèf, yon jèn gason (Joseph) ki te nan sal kote’m tap suiv sou TNH la dimanch maten prestasyon an mande m: “Se li ki prezidan nan peyi a ?” Mwen te repon n: “Li se kòdonatè, sa’k rele KPT a.
C’est dommage que les ténors n’ont jamais pu montrer concrètement que Fritz Jean est supposé être un délégué de ce CPT pour une telle émission, sinon cela n’aurait aucun caractère officiel.
Au départ Marvel Dandin a été trop long l’introduisant ‘’San fè’l wè pòt sòti a”. Ce qui d’ailleurs a permis à l’interviewé de se donner honteusement dans la démagogie. Fritz Jean pa wont di se apati 28 novanm (2024) ke batay ap fèt kont gang. Oooo ! Yo te prete sèman antanke konseye 24 avril 2024. Ki fè pat gen bidjè ? Pat gen Chèf Polis ? Pat gen CSPN ? Fritz Jean te vini ak pawòl Budjet de guerre ! Pou gen bidjè lagè, fò’k gen sitiyasyon lagè. Men éske nou jan m wè sa nan fonksyonnman dirijan sa yo ?
An plis de sa, avèk tout malere e malerèz deplase ki nan kan e kap viv nan mizè tèrib, epi se pòs diplomatik yap distribye ba ti fanmi, ti zanmi. Nou pa bezwen prèv pou n di sa, paske sa yo se pawòl ki sòti nan bouch Friz Jean, limenm : « J’ai dit non à des centaines de nominations dans la diplomatie », révèle-t-il au Quotidien Le Nouvelliste.
E Jenny Toussaint de Haiti24 anfonse klou a : La diplomatie haïtienne, déjà fragilisée par des crises multiformes, est aujourd’hui confrontée à des révélations alarmantes du Président (sic) Fritz Jean au journal Le Nouvelliste, jetant une ombre sur son intégrité et son efficacité.
Plusieurs rapports ont déjà exposé des allégations de corruption, de vente de postes à des gens sans qualification, des accusations portant atteinte à l’image du pays. Se ta okazyon pou konsantre yo sou misyon spesifik KPT a: mete sekirite epi fè eleksyon. Tout rès la se tentennad. Foulay (full lie). Demagoji ! Ou pa gen pou’w envante pwojè. Kandida nan eleksyon ap vini ak pwojè e pèp la va chwazi. KPT te la (twò ta) pou mete stabilite.
Definitivman, Fritz Jean te sòti lèd nan ekzèsis kominikasyon sa a. Li pa montre tèt li kòm mounn peyi a te mande ran n yon ti sèvis ak 6 lòt e 2 obsèvatè.
An nou raple ke se Fritz Jean sa ki te manke vin n PM sou Privert an 2016. Se li menm kèlke zane pita ki te sòti ‘lauréat’ nan eleksyon sosyete sivil (Montana)… Men lè li vinn jwoin n chans li nan zafè 9 prezidan sa, olye pou l rann peyi a yon sèvis, men jan ak rès 8 lòt koken yo, li pito tonbe nan dechouke, dechèpiye kès Leta, pou n site Magalie Comeau-Denis, youn nan tenò Akò Montana.
N ap fini pou n di: se domaj 5 teno laprès la an fas Fritz Jean pa parèt pi bèl ke sa. Anfen, an’n note Akò 3-Avril ki te kreye KPT pa janm piblye: (?) repons tèt chat. Pi enpòtan, Ògàn pou kontwòle depans Leta ki nan Akò 3-Avril la pa janm monte. San konte pwoblèm ensekirite an ki ap vinn pi mal chak jou. E sa yo pa di prezidan Friz Jean anyen. De tout fason, kòm yo tout pap regle anyen nan tèt peyi an, ‘’Ekselans’’, ‘’Mesye le prezidan Fritz Jean te rate okazyon pandan aktivite sa, pou l te bay demisyon l piblikman. Malerezman dirijan peyi Dayiti pa demisyon konsa. Si se pa ak fòs ou mete deyo, yo p ap kite tout privilèj ke yo ap souse nan Leta an konsa.
Crédit : Serge Pierrelouis