Radio Internationale d'Haïti EN DIRECT!

jeudi 14 septembre 2023

Gran lakou !

Anpil fwa, nou menm lèzòm, je n kouri dlo, kè nou grenn, lè n ap gade kijan lòt moun ap viv epi nou ta renmen nan plas yo, pandan ke nou pa konn nan ki kondisyon moun nan chita kote l ye a. Defen manman m toujou di pito ou manje yon papat chèch ak kè poze olye w ap desann dòb ak woti ak kè sote. Kidonk, si jodi a ou wè w ap dòmi nan yon kay pay, pa jalou de sila a ki ap wonfle anba gwo dal beton an.

Gason toujou ap pwan plezi sou fanm ki pase anpil tan chita nan estidyo pou refè figi yo, netwaye, pentire zong yo. Y ap pale yo mal, men si yo pa klere, y ap pale yo mal pi rèd toujou. Pandan yo anbweye sou do medam yo konsa, ou pa ka sansib pou fwechè pase yo.


M ap di sa, m ap voye yon gwo kout chapo pou 3 zanmi ki te toujou konn koupe cheve m nan jenès mwen. Mario ST-Hubert, Luckson Jeannot ak Jean Bernard Jean-Baptiste(Ti Bibine). 3 sitwayen sa yo, ke m dwe respè pou tout tan gen tan, pa janm neglije banm yon bèl koup oswa yon bèl tyas. Depi jilèt ak ti peny la gen tan la, se ak kè kontan yo jere m.

Pandan m ap grandi, m ap pwan pòz eklere mwen, m bliye si se anwo nan mòn nan m sòti, engratitid antre nan mwen, m abandone zanmi ki te konn rann mwen sèvis yo, se nan estidyo Petyonvil mwen al peye pou koupe cheve m. 

Epòk sa a, si m te respekte tèt mwen, lajan sa a, gwo 100 goud, m te konn lonje detanzantan bay bos kwafè yo, m te kapab ankouraje zanmi m yo ak li.

Rive yon moman, kap mwen pwan van, m pa al nan kwafè 100 goud ankò, se sanble kòb, pou m al nan gran lakou, yon estidyo ki te fèk louvri, kote koup la te 10 dola vèt kou powo. Gran lakou sa a, se la ou rankontre nèg ki ap mennen yo, se la tou pou w kwaze ak jèn fanm ki genyen bòs ap jere yo. De seri de medam gran jipon, ki pa janm travay nan vi yo, men ki posede tout sa lajan ka ofri. Pou m kapab viv anbyans sila a, depi yon ti plim cheve pouse nan tèt mwen, m kouri sanble lajan al chita anba klimatizè nan gran lakou pou fè kale tèt la. Lè konsa, zorèy mwen rete an twonpèt pou tande tout kalte koze k ap diskite.

Bòs kwafè ki ap travay andedan estidyo sila a aji tankou atis. Ou menm ki vini pote lajan an, depandan de tit ou, si w vini apye, oswa dèyè volan, de kantite kòb w ap kite kòm degi pou yo, yo gen yon jan yo trete w. Anplis, kòm kote yo ye a, yo fwote ak tout moun, yo konn tout sa k ap pase, rive yon moman, yo konsidere tèt yo kòm bòs tou. Ou ka chita la a epi w tande y ap diskite de yon koze ki pase nan kè Miami, pandan ke menm yon paspò yo pa posede, men zòrèy yo tande, dyòl yo pale.

Yon dimanch aprèmidi, Ecrivains ta pwal jwe final chanpyona vakans kont Spak nan pak Sainte Thérèse. Nan epòk sa a, match sa a se te “clasico” a. Isaac Chauvet, Robert Denis, se te Cristiano ak Messi Ayiti yo. Yon nèg ki respekte tèt li pa ta ka pèmèt li rate randevou sa a. Bon boul pwal woule, men tou, se la a tout bèl ti medam Bouk Chanpay, Jalouzi, Dezèmit, Mòn Hercule… yo pwal rasanble.

Match ap komanse a 4 trè. Depi a midi, m gen tan pwenti m nan gran lakou, mwen vini mete fwechè pou m ka parèt tou nèf nan match la. 

Depi nan pòt la, youn nan kwafè yo di m pa pwoche paske pa gen plas jodi a, se kliyan espesyal ki te pwan randevou sèlman y ap resevwa. Pito nonm nan te flank mwen yon kout wòch olye li te di m mwen pap ka bèl jou sa a pou m al depoze nan pak la. Kòm mwen pa kliyan espesyal, mwen pa fè gwo kòlèt, m pase ke m anba dèyè mwen, m al chita kay Ti Luc, m kraze yon chen janbe ak yon kola gran manje, an atandan 4 trè a rive.

M rive pak Sainte-Therese, bon boul ap jwe, bèl moun ap defile devan mwen, men m pa alèz, kè m pa kontan, paske m santi m manke yon bagay. 

Match fini, bann rara anvayi lari a pou salye viktwa Wa Phararon, sa pa di m anyen. M pwan wout estasyon, m al pwan kamyonèt pou m tounen lakay.

3 jou pase, m ap desann lavil pou m al wè Manasse nan Bel-air ki se wougan Raram epi pou m desann nan Ri des Arts plastiques, chèche yon kasèt repetisyon Original Rap Staff epi se konsa m al kwaze ak Gilot. Gilot, se kanmarad ki te premye mennen m koupe cheve m nan gran lakou.

Lè m wè jan figi misye blaze, make 20 jen 4 avril, mwen mande li sa k pase? Se lè sa a misye ap di m se Penitansye li sòti pote manje pou Joel, ti frè li, ki te al koupe cheve l nan gran lakou epi vè 1 nè, lapolis debake, yo mare tout moun ki te anndan an.

Li pwofite esplike m tou ke gran lakou sa a ki se yon estidyo kote yo koupe cheve, klere fi kou gason an, te plis ke sa je m te ban mwen an. Se te yon espas kote tout moun ki ap vann farin rankontre pou negosye afè yo. Youn konn pase kite bwat komisyon pou lot la. Reyinyon menm konn fèt la pou konnen kiyès y ap bay blakawout nan vil la paske li reprezante yon danje pou biznis farin nan.

Nou imajine nou, si m te chita anndan an nan lè sa a, kijan lavi m t ap gaspiye? Pa gen yon moun ki te pwan kòd jou dimanch sa a nan gran lakou ki tounen lakay yo. Tout al fini Titanyen. Depi jou sa a m kite frekan, m tounen jwen bòs mwen yo. Yo pa aksepte lajan nan men m, men m konn aranje m, m achte ti fritay ak kòb la, nou manje l ansanm. M tou kite frekan papa, m pa bezwen al woule nan gwo kannal kote m ka pèdi pye, disparèt tankou kout zeklè.


Kredi Tèks: Richarson DORVIL

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Haïti/USA : Les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution

Concernant la Force multinationale, les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution Les États-Unis ont ordonné ce mardi...