Ak kè sere, dlo nan je, m kore kò m nan yon vye kwen, m ap ponn ti bout istwa sa a pou ou ki toujou ankouraje m, konseye m, pote yon limyè lespwa nan lavi m. Plim nan nan men m, men se pa men m k ap ekri. M ap di kouraj ak tout zanmi ki ap soufri ak maladi pongongon sa a ki rele sida a, ki pote ale anpil nan nou.Sida, se pa yon jwèt! Si bèl flanbe pote plezi, se konsa tou li pote gwo lavalas nan je pitit Bon Dye k ap pyange anba solèy cho tankou nan fwedi sou latè beni. Si yon moun te konnen, ou ta kenbe bout bezwen ou, bwat levenn ou pou ou, ou ta jwe avè l, layite ladann lè l grate w, olye w t al pote boure nan operasyon bese leve, antre sòti nan fouk, jiskaske cheve w siwo, w ap megri, ti dyare w likid likid, ou alamòd, ou ranmase men sòl pa w la.
Jan m pa janm wont rakonte nou, move lavi, afè pa bon melanje ak ensekirite fè m vole gagè, kite bèl Ayiti m nan pou m vini bouske lavi nan peyi Canada. Yon peyi ki akeyi m ak 2 bwa louvri, ke m renmen anpil, ki banm chans ratrape tout tan m te pèdi yo, tan kote m t ap kanni yo.
Sòti nan yon dyòb tèt anba pou ateri nan yon lòt ki pi mal, m pa janm dekouraje, m toujou ap defann lavi m. Lè jou pa m nan rive, klòch Gran Mèt la sonnen pou mwen, m kite dyòb bèbè yo, m ap degaje m nan administrasyon pi gwo lopital ki genyen nan zòn kote m gen ti kounabe a pou solèy pa boule m, ni lapli pa mouye m.
Se la a m ap respire yon lot lè, m ap pwan gou nan lavi a, konsa tou, je m kòmanse ap tonbe sou bèl gengenn, komisyon dankèt mwen ap kanpe, tèt li ap bay siyal tankou misil ki pare pou al fè dega.
Chak jou, lè m sòti nan degaje a, m bouyi 2 ou 3 moso dezagreman, m touye enpe vè anndan trip mwen. Se gade televizyon, veye zen sou fesbouk, dòmi, leve al travay.
Lavi m pa gen gou, li pa gen koulè, paske m kite madanm dèyè ak nenpòt 6 ti tchovi an Ayiti, m pa konn ki jou, imigrasyon ap deside banm chans wè yo. Pandan m pa ka wè madanm mwen ki dwe byen gra anba estrès an Ayiti, je m pa sispann wè bèl fanm k ap defile devan je m andedan lopital la.
M kenbe, m reziste toutotan m te kapab, jiskaske yon bon jou mwen kwaze ak Malou, ki, pou jouk jounen jodi a, se pi bèl fanm mwen janm kwaze nan peyi Mesye Trudeau a. Pitit yon ayisyen ak yon fanm chinwa je chire, wa imajine w ki modèl mèvèy ke kwazman sa a bay. Mwen vire fanm nan tout kote pou m jwen yon ti defo, m pa jwen. Ti nèg manje dan, m di nenpòt kijan sa pase, fòk mwen fè yon bèk, vyann sa a pa gen dwa pa monte tab mwen.
Jou vini, jou ale, ti babay de lwen, mennen ti bonjou deprè, jiskaske nimewo telefòn tonbe, nou kòmanse ap pale ti koze kremòl, pase nwit ap fè womans nan telefòn. Yon fwa chak semèn, kèk fwa chak 2 semèn, mwen wè li, men m toujou espere ke n ap wè chak jou. Kòm gason ayisyen ki pi mechan, pi enkonsyan, pase tout lòt, timoun mwen yo ap mal manje Ayiti, madanm mwen ap soufri, men m ap sere lajan pou m ka fè bèl vire ak Malou, jou li ta aksepte sòti ak mwen.
M liyen Malou, m liyen l pou nou rankontre, jiskaske li aksepte vini wè m, lakay mwen, yon vandredi swa a 7 tè. Kòm depi mèkredi m te gen tan gen konfimasyon vizit la, m pwan konje jounen vandredi a, pou m ka netwaye kay mwen, al nan mache, pou m fè manje pou Malou, yon fason pou m kapte li nèt. Ki fanm ki pa renmen wè gason ap fè manje pou yo?
Malgre m pa yon nèg ki abitye fè bèk atè, ki toujou kòrèk nan devwa li, m pa pwan chans, mwen kreve yon pwa, yon 20 minit anvan Malou ateri. Ti mizik damou ap pase nan kay la, bouji k ap bay bon jan lodè limen, tankou yon solda, mwen an kondisyon D, m pare pou mwen goumen. Malchans pou mwen, Malou pa janm mete pye li. Pwa m te kreve a banm yon vant fè mal ki fè m woule atè tankou fanm ki gen tranche. Se yon benyn dlo fwèt ki banm yon souf, men ti nèg soufri.
Nan lendi, Malou pase, li pa okipe m tankou chen, se rete m rete m wè se ak Jonas, yon konpatriyòt mwen ki ap bouyi lè nan lopital la li ap pale. M pwan kou a ak anpil difikilte, men m espere ke l ap tounen pale ak mwen. An Ayiti, m ta fè zen, men kote m ye la a, m oblije mete yon mizo nan fèy bèk mwen.
Yon semèn pa pase, Letènèl libere m, li fè voye m nan yon lòt depatman. Gade Malou ak Jonas la te deranje m anpil. Sitou, sou paj fesbouk Jonas, li gen tan afiche kote li al pase wikenn nan chalè (bèl kay andeyò) ak Malou, kote y ap manje grenn frèz a 2, bouch kole sou bouch.
2 semèn pase, m t ap eseye bliye istwa sa a ki te fann kè m an miyèt moso, lè kiyès ki vini fwape pòt ti biwo depeyize kote yo te lage m nan, Malou! Kè m louvri vap, m di m bon, Malou tounen nan baz. Men lasosyete, Malou pat vini pou bay blag ak mwen, li te vini nan biwo a paske se la a yo bay medikaman a moun ki ap viv avèk maladi sida nan san yo.
Malou gen sida nan san li, men sa pa anpeche m toujou renmen li, san m toujou bouyi pou li. Li pa banm bò, m pa ensiste, sitou li genyen bout banann li k ap travay nan lopital la, m ap evite pwoblèm.
Apre 7 mwa n ap kwaze, Malou pa vini lopital la ankò, bwi kouri, nouvèl gaye, souf li koupe, li mete tèt pou peyi san chapo. Li ale, men li kite yon eritaj pou kolèg mwen, Jonas, bon flannè ki te banm yon kouch vèni, ki fè m te pèdi fanm nan. Jodi a, se ak kè sere m ap remèt Jonas ti bwat medikaman li, pandan ke li pa anfòm ase pou li kontinye travay, l ap konte jou, si medikaman yo pa kenbe li, pou li lage cha a tou. Malou, m regrèt ou cheri, men pito se Jonas, se pa mwen.
Kredi Tèks : Richarson Dorvil
(yon panse espesyal pou tout moun ki ap li istwa a, oswa fè vye kòmantè jis paske yo wè tit la ak foto a, paske yo ta kontan mwen pwan nan zizirit la… lol)
Radio Internationale d'Haïti EN DIRECT!
vendredi 15 septembre 2023
Maladi sida pa yon jwèt
Inscription à :
Publier les commentaires (Atom)
Haïti/USA : Les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution
Concernant la Force multinationale, les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution Les États-Unis ont ordonné ce mardi...

-
Un hommage à Ralph Delly : La voix qui a façonné les ondes de Miami Lorsqu'on m'a confié la tâche de mettre sur pied Radio Carnivale...
-
Nous annonçons avec infiniment de peine la triste nouvelle de la mort de notre très regrettée Mme Marie-Louise Charicia Jean, survenue le sa...
-
PAGES RETROUV É ES.- Daniel Marcelin A longueur d’année, Daniel Marcelin fait un va-et-vient incessant entre Haïti et la Belgique, af...
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire