Radio Internationale d'Haïti EN DIRECT!

jeudi 14 septembre 2023

Bwa a tou rèd

« Dan pouri toujou gen fòs sou banann mi ». Sa a se yon pawòl mwen aprann nan chita anba bouch granmoun nan lakou plètil… men, nan lekòl lavi a, kote reyalite a kri a, mwen fini pa wè ke se bon koze, pawòl ki mezire nan bon ti mamit… Men tou, pi devan, m vini aprann tou ke byen souvan, gen goyin ki konn fann myèt moso nan de seri de gwo bwa d chenn.

Si w bezwen konnen kisa enjistis, abi vle di ? Fè yon kout pye Ayiti, peyi pa m nan, ke m damou plis pase tout lòt peyi. Tout jan ou fè pou w viv ladann, w ap viktim e ou pa gen okenn kote pou w pote plent. Se pwan baf ou an silans, mouri toufe si w vle, paske si w louvri bouch ou, zotobre sanginè, ki gen tout pouvwa ka tou deside ba w blakawout total, voye w al bwa chat.

Sou menm ribrik enjistis la, m vle « atire atansyon » nou sou move tretman timoun ap pwan nan men fanmi, tankou kouzen, ak lòt timoun sou katye kote y ap viv. Nan ka pa m nan se te Kazo, yon jenonm nan Fermathe la ki te abitye manyen manm nou tout ti jèn nan zòn nan. Anplis li te pi gran pase nou, li te gwo zo. 

Kidonk, lè li kenbe nou, se moulen li moulen nou. Ou pa te bezwen fè l yon bagay pou l kase met nan men w. Depi l kwaze ak ou, pou pi piti w ap ranmase yon siyad osinon yon zoklo. M ap rakonte n paj istwa sa a ak dlo nan je, paske m ap sonje Ti Jan, yon tinonm ki te dousman anpil, ke lanmò te pote ale aprè li te pase plizyè jou ap rann san. Moun lakay li te di se dyab fanmi an ki manje l paske yo te reklame l, men yo pat dakò. 

Men, nou menm timoun sou katye a te konnen trè byen ke Ti Jan kòmanse rann san depi jou Kazo te wonfle l ak kout pwen anba ti vant pou l te ka sezi yon kès mab li te genyen nan jwèt. Pou nou pat pwan rakle pa nou, nou te oblije mete yon mizo nan dyòl nou.

Plis pase 20 lane pase, kounyeya nou tout fè bab, nou fè wout nou nan lavi, men nou toujou rete ap viv nan bèl ti Fermathe nou an, ap respire anba pye bwapen. Nou granmoun se vre, men pwoblèm nou, kalamite nou pa fini pou otan, paske Kazo toujou reprezante yon tèt fè mal pou nou.

Nan koze anbochay lapolis nan lane 1995, youn nan premye moun ki al fèmen akademi, se Kazo, ki jodi a vini gwo komisè, chaje pouvwa. Lè mesye sa a sou katye a, se li menm sèl ki genyen tout dwa. Minwi, pandan tout moun ap dòmi, se lè sa a li menm li deside pou l ap woule nan radyo l, dènye volim yon ansyen bal Septentrional. Li fè l an eksprè, pou li jwen yon rezon pou li kase dyòl nenpòt sitwayen ki ta deside di yon mo, pou fè l konprann ke se pa li sèl ki ap viv nan lakou a.

Timoun pa gen dwa kouri sèk, monte kap, jwe mab, fè lago sou katye a. Kazo deklare ke sa yo se jwèt delenkan.  Nan yon peyi kote pa gen kouran, pa gen okenn aktivite pou timoun amize yo, pou menm ti plezi vakans yo pa ka pwan. Tout moun oblije ap viv ak baboukèt nan dyòl yo, nou nan prizon anndan pwòp kay nou, pandan ke nou pa dezobeyi ak okenn lwa.

Sa poko gen 8 jou, Dyelòm, youn nan pi bon zanmi m, pwan yon kal nan men Kazo. Se anpil efò Doktè Bernard fè, ki fè li pa mouri. Pandan m ap pale ak nou la a, plizyè Doktè fèy  kòmanse rasanble ti kalbas, boul dimas, kase zo… pou wè kijan yo ka remete Dyelòm sou pye. Malere a pwan wonf sa a paske Liline, ki se fanm li, manman 4 pitit li yo, se te fanm Kazo te reve genyen nan vi li, men ke li pat janm gade nan je yon jou. Jodi a, jalouzi tèt kabrit li monte li, li twaka touye jenonm nan pou sa.

Koze Kazo ap depafini ak moun nan te bay anpil pwoblèm e sitiyasyon sa a te rive nan yon bout moun pat ka sipòte ankò. Nou konbat makout, atache, chimè…pou jodi a, yon grenn nèg, ki soti nan mitan nou ankò, anpeche nou viv, nou deside n ap mete yon fwen nan sa. Plizyè chita pale fèt pou nou konnen kijan n ap sènen Kazo pou nou ba li yon leson pou lavi. Men, nou tout se manchèt ak kouto nou genyen, Kazo li menm se gwo mitrayèt. Fòk se ta yon pote boure san zatann pou n ta fè sou li. Men, pèsonn pa vle pwan devan, tout nèg ap rale dèyè yo. Bòs Charitable, papa Dyelòm, ki pa janm foure bouch li nan zafè moun, sèl sa li fè sou katye a se okipe l de jaden l ak zannimo li, di tout moun otan, konba sa a se konba pa li l ye, se pitit li ki sibi.

Dimanch maten, li ta pwal fè 10 zè, lè bòs Charitable debake devan kay komisè a, rele l pou vini eksplike l nan ki kondisyon li pèmèt li leve zago li sou pitit li. Tout moun sou katye a chèche yon kote yo kache pou yo ka wè kijan bòs Charitable pwal pèdi lavi li, paske li pa yon sekrè pou pèsonn, pòt an bwa pa janm ka goumen ak pòt an fè. Ravèt mèt ap pouse kò l, poul ap toujou gen rezon sou li.

Sa a se te yon okazyon Kazo t ap chèche pou li te fè sa l pi renmen an, maltrete malere. Li soti anndan lakay li a an bèt ak yon gwo koko makak ki gen nenpòt 32 rozèt, li leve l anlè pou li lage l nan tèt Bòs Charitable epi voup, baton an tonbe, bwa li rete tou rèd anlè. Kazo lage kò l atè, vire won, bwa di li pap vini mòl, li rèd, li rèd nèt.

Roza, ki se yon fanm pye lejè, yon 3 vwayèl, 3 konsòn, ki abitye vini pase wikenn ak komisè a kouri ranmase l atè a pou mennen l lopital. 

Pandan li sou wout pou ale lopital, Kazo pèdi lapawòl epi je li pa wè anyen ankò. Rive lopital, aprè kèk jou, doktè yo wè men an ap kangrennen. Pou tout kò a pa pouri, yo oblije koupe sa voye jete byen lwen. Manzè Roza ki pat vini abite, se sèvis li te vini bay pou lajan li, pa kanpe pou limyè wouj, li retire kò l nan eskonbrit Kazo a, li al chèche lavi lòt kote, talè w tande nan pami grenn diri, antan ke ti wòch, li goute grès.

3 mwa pa pase, Kazo mouri, tout Fermathe la delivre. Pèsonn pa ta panse ke se Bòs Charitable, yon nonm byen pezib, ki ta jwen bout Kazo. M pa konn dèyè ki mòn li te ale, men li te 

byen pase paske komisè a monte sou gwo resif. 

Ou wè lavi, li pa mande pou yon moun bat kò w e tout sa w wè k pa anyen, panyen plen rès rete tande.


Kredi Tèks: Richarson DORVIL

Kredi Foto: Alex Bien-aimé

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Haïti/USA : Les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution

Concernant la Force multinationale, les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution Les États-Unis ont ordonné ce mardi...