Radio Internationale d'Haïti EN DIRECT!

jeudi 14 septembre 2023

Dyaman kreyòl

Nan fen lane 90 yo, si w bezwen wè bèl timoun nan Pòtoprens la, se nan jounen rekreyativ oswa nan pwojeksyon fim sinema pou w ale. Gen yon ekip ti medam koulè kayimit, marabou kreyòl ki ka fè w pèdi lòlòj ou, ki lekòl ak ou, osinon w ap kwaze chak jou, men inifòm nan trayi yo. M ap di nou sa, m ap panse a kolèj Le Normalien, Fernand Prospere, Metropolitain, C.E.C, Gerard Gourgues, Émile Roumer, C.I.M, kolèj St-Pierre san m pa bliye Orphée noir. Se lè yon Boukman, K-Dans, oswa Boukan ap bouyi nan Charite St-Louis oswa Canado, ou pwal dekouvri kalite boul lò ou te genyen anba zye w la.

Anpil lane pase, m fè bab, mwen tonbe nan mete pantalon janm long, se konsa m pwal remake ke bagay yo chanje. Pòtoprens la fini tankou kreyon mwa d jen, plim DGI, pa gen sinema ankò, alevwa pou pwogram nan lekòl, volebòl kolèj St-Pierre, baskètbòl nan Sacre-Coeur.

Lavi a pwan yon lòt koulè, men kapital la pa sispann donnen bèl moun. Se lè w rantre nan yon koridò, kote byen souvan lamizè ap louvri zèl li, ou pwal wè de seri de fanm ki nan konkou bèlte ak lalin. Ou pa ta di peche pa janm kwaze ak yo tèlman po yo swa, figi yo sen.

Nan kad yon repòtaj sou kondisyon lavi pèp ayisyen nan geto a, nan mitan lane 2023 a, m pwal pase plizyè jou ap fè laviwonn anndan plizyè katye popilè, ke nou souvan batize zòn fwajil. Nan monte desann, bouske enfomasyon, m pwal kwaze ak Selavi, pi bèl fanm mwen janm rankontre sou bout tè sa a e Bon Dye konnen mwen wè bèl moun anba syèl ble sa a. Ou te mèt pwan Beyonce, ou blende l ak Halle Berry, Rihanna elatriye, yo pap bay yon moso nan Selavi.

Lasosyete, m pwan lari a, se repòtaj m al fè se vre, men sa pa anpeche zye m wè bèlte yon fanm. Zye m wè, lespri m kapte, san m bouyi, kè m bat pi rèd pase tanbou gede, ti pati m kanpe… m di la a, nenpòt jan sa ye, fòk mwen lage 2 mo 4 pawòl.

Pou yon nèg ki pa konn pale ak fanm, mwen pwan kouraj mwen a 2 men, m rive sou Selavi, jan l pase l pase, m di li:

“Depi m fèt, se pwemye fwa m wè yon moun bèl tankou w”

Nan yon koridò kote solèy pa leve tèlman kay kole ak kay, limyè djayi bwitsoukou lè Selavi souri pou konpliman sa a ki tonbe nan zorèy li. M pat bezwen di plis pou m te jwen tout atansyon manzè, ke mwen tou batize Dyaman kreyòl. Sa w tande a, konesans fèt, nimewo chanje, m rantre lakay mwen, se ak son vwa Selavi mwen dòmi.

Aprè kèk jou n ap boukante lapawòl, Selavi mande pou nou rankontre. Li pa vle pwan lari pou vini lakay mwen ni al chita nan yon restoran akòz ensekirite, li di m, si m pa pè lari a, debake lakay li lè lide m di m paske li menm li pa gen pwoblèm, l ap viv poukont li. Selavi ap mande malad si l vle bouyon? M pa pote boure, mwen di li mwen okipe anpil men vandredi aprèmidi, si li disponib m ap rann li yon vizit. Li dakò, randevou kase.

Vandredi aprèmidi, li fè 6 zè, solèy la komanse kage dèyè do zile La Gonave, mwen mete m byen fre, santi bon, mwen debake kay Selavi avèk bouke flè mwen, boutèy diven mwen. Pa bliye, m pa timoun 2000, gen yon jan ansyen jèn yo al kay moun.

Lè m rive, m jwen bèl akèy, men je mwen ap devore Selavi ki abiye ak yon ti “sou balkon”, kidonk, san soutyen, kote pwent tete l ap banm siyal epi bout anba l ki kache an pati anba yon jip maksi, ki louvri sou kote, men san pantalèt. L ap montre m foto matant li ak kouzen li ki koke nan mi a, pandan mwen menm m ap soufri an silans.

Yon pawòl mennen yon lòt, se rete m rete m wè Selavi kwaze pye l sou mwen epi li mete m nan biznis. M pa fè pwese menm, paske la  a pa gen kouri, yon bon manje konsa, fòk mwen pwan tout tan m pou m byen moulen, byen vale, pou vant mwen ka byen plen. An bon aloufa, renmen sa, mwen manje, m double, lè m wè m febli, mwen mande kèk lòt pati nan vye kò a banm bourad.

Plezi fini, malgre lari a malouk, se vè minwi, nan yon Pòtoprens kote menm chen ak lougawou gen tan depoze kò yo yon kote pou nèg ak zam pa manje yo, mwen pwan wout lakay mwen. Tout sou wout la m ap souri, paske m sot bwase bèl legim mwen ak pi bèl fanm ke lanati bay lavi sou latè.

Samdi maten bonè, Selavi ekri m pou di m ke nan aswè fòk mwen vini dòmi ak li, li bezwen mwen grate chodyè li. M pwan pòz sa pa enterese m pou manzè pa wè m twò cho, pandan m gen tan ap chofe pou al monte teren. 

Vè midi avèk anpil eskiz mwen mande Selavi aksepte yon transfè lajan yon fason pou li kapab fè aranjman. Si l ap banm anba ti vant, m pa ka kite vant mwen sou kont li tou.

Lè m debake nan kay la, Selavi mete m chita anba yon galri kote zye pa ka wè nou, li ap mete ragou nan bouch mwen avèk banann peze. 

Manje byen gou men m ap pwan pòz pa ka manje mwen, m pa ka tann pou m al manje lòt manje. Aprè bèl ti womans, nou fè lijyèn epi nou fèmen ankò pou yon bèl espektak, yon fim ki te refize fini.

A 5 kè nan maten, lè m reveye pou m lage pye mwen, Selavi te pare pou li al fè soup joumou pou mwen, men nan plas soup la se yon premye okazyon li sèvi m. Lè m wè solèy ap kale je li, malgre plezi a te dous mwen kite sa.

Pandan m ap kite zòn nan, gen yon flannè ki kanpe nan yon kwen, ki fèm siy mwen. M pa meprize misye, mwen pwoche kote li. Misye di m :

Jounalis la, mon chè m renmen travay ou anpil, men yon konsèy m ap ba w, pa tounen nan kay sa a ankò tande, rete sou sa w fè. Kontante w de sa w gen tan jwi. Selavi w ap gade la a, m ka di w se fanmi mwen li ye. Kay kote w wè l ap viv la a, se kay mennaj li, ki se frè de batèm mwen,  se yon polisye k ap travay Bombardopolis, se chak mwa li rantre. Ou ka wè foto manman l ak li nan mi kay la. Manman li ki se manbo zòn nan, al bay lwa li manje andeyo, se sa k fè kay la lib konsa.  Si m pa twonpe m, jodi a li ta dwe ateri nan kapital la. Nan plas ou, m t ap bliye manzè, paske yo pa vann lavi nan makèt e sèjousi, moun mouri pou anyen.

Nou pa janm mande m koze, se mwen ki toujou ap esplike nou. Depi jou sa a, m kouche ak ladyadya. M kase kat ki te anndan telefòn nan pou m koupe tout kontak ak manman kriminèl sa a. Lari a chaje chòbòlòt, men pa gen souf lavi derechanj.  

 

Kredi Tèks ak foto: Richarson DORVIL

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Haïti/USA : Les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution

Concernant la Force multinationale, les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution Les États-Unis ont ordonné ce mardi...