Radio Internationale d'Haïti EN DIRECT!

jeudi 14 septembre 2023

Bagèt Gede

Rete 30 minit, pou avyon an, k ap sòti New York City, poze nan ayewopò Toussaint Louverture. Britsoukou, gen yon fanm ki tonbe rele, ki tonbe di betiz anndan avyon an. Tèt tout moun cho, yo pa konprann sa k ap pase. Mwen menm, an bon kapon, tankou blan je vèt, blan je ble yo, m rale kò m mete byen lwen pou si gen yon san k ap vole, yon pataswèl k ap pati, pou m pa patisipe ladann. Eske se tèt li ki te pati ? M pat konnen, men sa te fè m mal paske m pa t ap renmen nan plas bèl grenn fanm sa a.

Li fè 3 zè 20 nan tout mont nan Pòtoprens, avyon an ateri, men pèsonn pa kouri desann. Tout moun sispèk, y ap tann madanm nan desann anvan. Sa k pi rèd la, yo tout vire tèt yo byen lwen, pou je madanm pa tonbe nan je yo. L ap desann, men li kontinye ap wouke: «Fout banm bagèt mwen, banm boutèy piman m».

Lasosyete alawonbadè, jodi a se premye novanm, se fèt Gede, fèt mò e se jis lè m rive nan ri de la Réunion, ke m pwal aprann ke dam ki t ap djayi nan avyon an se lwa ki te monte l. Se Bahoun Samadi (Bawon Sanmdi), ki li menm gen kontwòl simityè yo ki te monte manmzèl.

Kòm mwen se yon ti nonm ki tèktèk, m pa rete sou sa yo di m nan, m pwan lari a epi m pike gran simityè, pou mwen al gade bèl mèvèy. Se tou prè a. Lè m rive, m poko janm sezi konsa, m wè manje gaye tou patou, tafya, pafen, poud, kafe, kasav...m tande se kado yo aliyen pou Bawon ak madanm li Grann Brijit,  paske se yo ki voye je sou mò yo pou sèvitè yo.

M pwal sezi pi rèd, lè m sote sou yon gwoup moun k ap chante, k ap rele epi nan mitan yo gen yon fanm k ap vide yon boutèy konfi piman nan bwat enstriman jewometri li. Epi ou pa ta di se yon dlo fre l ap lage ladann. Ahhh tonnè krizboulout mwen, m abitye wè bagay wi anba syèl ble sa a, men m pot ko wè sa a vre. Pou m rive wè yon fòs ki pa pè ni piman ni tafya nan bwat levenn sa a m konnen an ki si frajil, si sansib la... Ayisyen kapab, yo gen granmoun sou yo.

Mezanmi, se nan mitan gwo kandjanwou sa a je m pwal tonbe sou figi yon moun ke m kòmanse abitye, figi Manzè Silia, ki te bay gwo kè sote nan avyon an vè 3 zè. Manmzèl peye tikè soti New York vini Pòtoprens pou netwaye tonm fanmi li ki te mouri epi sèvi lwa yo ke li kwè nan yo.

An plis ke m te pwan plezi ap gade manmzèl k ap depoze bon jan gouyad atè, yon bèl fanm, ki te banm anpil filing, m te anvi konnen kisa lwa sa yo fè pou li vre pou li renmen yo konsa. Men, plezi a ta pwal gate paske, yon fwa ankò, lwa a ta pwal monte manmzèl. Sa w tande a, betiz tonbe gaye. Pawòl sal ap soti nan bouch li, konsa tou ou gen enpwesyon ke je l t ap pale tou, tèlman yo vire tankou vantilatè.

Li kase mete nan men tout moun jouk li rive sou mwen epi li blayi sou mwen, l ap pouse m nan yon kwen epi l ap bougonnen nan zòrèy mwen : « Gason solid, se pa konsa non ou vini la a. Se grandèt yo wi ki voye w la a. » Vwa manmzèl ap tranble e mwen kè m ap sote. M anvi kouri, m pa kapab, paske manmzèl kenbe m rèd. Men, pou m pa nan manti ak nou, pou kalite bèl fanm ki te kenbe m la a, m pat gen pwojè kouri tou non.

Aprè yon bon 5 minit, lwa a vole gagè, tèt manmzèl vini klè epi nou kòmanse pale, se lè sa a m pwal konnen ke je li te gen tan bwake sou mwen depi lè m rive nan simityè a.

Li fè 7:20, fènwa blayi sou Pòtoprens, simityè a gen tan pwèske vid, n ap dakò ak mwen ke se pa pi bon kote pou fènwa sènen yon moun... m t ap ranje kò m pou m tounen lakay, se konsa, manzè Silia ponyen bout bagèt mwen. La a m pa t ka fè anyen, m dou tankou ti mouton lòt bò kannal. 

Li trennen m nan mitan 2 tonm, kote je pa ka wè epi l kage sou devan, tou pare pou ranmase bagèt. M gad anwo, m gad anba, m fout fè figi m byen di, m rale yon tigri, m abiye m, m chankre kò m nan lizyè yon ti pantalèt dantèl li te mete epi m konekte l.

Nou pa mande m koze, men kòk la chante. Chak fwa m konnen sa fini, li di gason m, kote w pwale ? Mete pou Silia. Mwen menm, an bon vakabon, mwen lage 2 gidon paske mwen wè Manzè Silia ap mande maladi si l vle bouyon? M pa konnen si Grann Brijit te monte manmzèl, si li te vini patisipe nan resepsyon an, men sèl sa m konnen Silia jwen pou li ak tout ras li. 

Mwen menm ki te konprann bagèt se te yon zouti yo sèvi pou bat tanbou epi gade se yon bèl ti manbo, byen fre ki sòti byen lwen pou vini louvri je m.

Yon bon inè d tan pase, jwèt la fini, manmzèl pa mande m ki mò ki te touye lanperè, li pa gade m tankou chen, li jis vire do l nan fènwa a li mache pòs li. Pandan plis pase yon semèn, m fwape depi se pòt moun mwen te konnen sou katye a pou yo pale m de manmzèl, pèsonn pa rekonèt li, pèsonn pat janm wè l.

Ou kwè se ta yon zonbi m ta kouvri la a ? Ki te mele m ? M pwan kont plezi m e m pap ba nou manti, m pa ka tann pou Gede rive ankò paske mwen menm m ap nan simityè a kan menm, pou m kwaze ak manmzèl ankò.


Kredi Tèks ak foto: Richarson DORVIL

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Haïti/USA : Les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution

Concernant la Force multinationale, les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution Les États-Unis ont ordonné ce mardi...