Radio Internationale d'Haïti EN DIRECT!

jeudi 14 septembre 2023

Ti Richa pwan prizon nan Kanada

25 lane, se kantite tan yon jij nan vil Montréal deside mwen pwal pase dèyè 4 mi pou yon moun mwen touye. Kriminèl! Pèsonn pat wè sa nan mwen, menm mwen mpat janm santi sa ap boujonnen anndan m, poutan, m pa regrèt zak m fè a e jodi a m pare pou m ta refè li ankò si m ta tonbe nan menm sitiyasyon an…

De tan zan tan mwen ak ou fè ti koze, ou konnen deja  ke non pa m se Ti Richa, peyizan ayisyen ki sove anba kout pye zago loray, al kouri kache, bouske lavi nan peyi frizè Canada. Jodi a, se dèyè baryè penitansye, kote m pa ka wè pwent je solèy lavi a map pale ak ou. 

Anvan tout bagay, pèmèt mwen konseye w mennen bak ou byen pou w pa fè wout prizon. Se pi move chimen ou ka pwan, paske prizon se yon laboratwa, yon gwo lekòl kote yo voye bandi al pwan fòmasyon pou vini pi bandi. 

Sa fè 7 lane depi mwen debake nan peyi blan an. M rive ak pil bab mwen nan figi m ki fè mwen mache sou pinga m pou m pa pile si m te konnen.  Map viv pou kont mwen nan peyi moun yo, mpa gen ni fanmi , ni zanmi. M travay lajounen kou lanwit, m peye taks nòmalman, mwen achte kay mwen, map viv kè poze. Pou tout pitit peyi a, mwen se yon bon moun vini, yon sitwayen modèl. 

Nan aprèmidi 12 novanm 2015, map sòti travay anba yon gwo tanpèt nèj. Mwen kanpe nan yon bidyonèl pou m kraze 2 byè anvan m rantre lakay. Se konsa mwen wè yon grenn fanm, moun abitye wè nan foto katalòg, debake nan kare a. Je tout nèg brake sou manzè. Se te yon bèl fanm e li te konn sa tou. Li kòmanse fè piwèt, vire an won. Sa w tande a lafimen kòmanse ap sòti nan pye pantanlon tout nèg, devan kanson yo bonbe, ou ta di se gèp ki pike yo, men se sik 50 nou ki te kanpe konsa. Tout sa w tande a, pa gen yon nèg ki fè eyap, nèg isit tèlman kòkòy, tout rete ak mizo  nan dyòl yo. Lè m wè se pou tout bon ti lezany lan pwale li pap jwen yon bout pawòl, mwen rive sou li. Manmzèl te kontan tankou machann lèt ki te jwen prenè nan dènye lè. Nou fè konesans, manmzèl rele Titi epi  youn bay lòt nimewo telefòn yo. Se konsa nou kòmanse pale depi menm aswè a. 

Depi jou sa a, lavi pa m se al travay epi pale ak Titi. Fanm nan te bèl, anfòm, vwa li dous epi manmzèl pat yon ata gaz. Titi se yon gwo kontab, ki kwè nan travay, kap chèche yon moun ki renmen l, aksepte l. Wap dakò ak mwen ke se modèl fanm sa yo tout nèg ap chèche pou fè vi yo. 

Se konsa, mwen menm ki pa janm negosye fanm kreyòl mwen, koulè kayimit, mawon osinon chabon tonbe damou yon fanm blanch. Kòm ansyen dayiva nan Fermathe, li pat pwan m tan pou m kabre manmzèl, rale l, mennen l vini kote m te vle a. 

Nou renmen nan telefòn nan mwens pase yon semèn. Aprè 3 jou, dyaz la ateri nan lakou lakay mwen pou vini ban m yon premye ochan. An bon tèt kamoken, m kanpe dèyè fou mwen, map fè manje pou mennaj mwen. (Tou fanm renmen sa. Pwan nòt ti jenn jan) Titi debake sou mwen ak yon pafen jasmen sou li, bon bagay. Pafen an lejè, men li achte kay la. Lè li retire manto sou li, sèl sa li te genyen kòm rad se te yon ti kilòt dantèl ak yon soutyen transparan, ki prèske pa gen twal. M gen tan wè manmzèl pa vini griyen dan, se sou bosal li kanpe. Avantaj pa m, paske m te gen tan sou brenzeng mwen, m kanpe an kondisyon D, a nenpòt ki moman pou m deplwaye. 

Atis la pa pase sou kote, li rive sou mwen an granmoun. Manje manke boule, paske se kote m kanpe a li atake m. Li jere m, li byen pwan swen m. Kò m ansyen bon, m pa pèdi lafas devan manzè, m fè lonè tout gason ayisyen. Aprè tout bèl ti jwèt, ti lago kachkach liben, sere liben, pase la na kontre… M konekte Titi! Ah vwazinn pwan lwa nan men m. Tank lap djayi se tank map soutni l ak venn. Makomè m pale, depale… mwen, m soud, m pa pwan pawòl, se travay mwen map fè. Lè Titi fini wouke kont li, rann tout vye dlo ki te nan kò l, li mete chapo ba devan ti nèg. Se te premye eksperyans li ak yon nèg po nwa. Mwen, sou bò pa m, mwen sezi  paske ras moun sa yo, depi a 18 lane yo gen tan ravaje, yo fini vann, fini achte… poutan se sou yon teren tou nèf mwen tap jwe, yon machandiz ki te fèk dekachte. 

Depi jou sa a lekòl lage, map mete bòy nan pwa Titi, map devlope motè manmzèl. Aprè kèk tan, m tap panse viv ansanm ak li, men li potko pare pou sa. Nou chak rete nan patiraj nou epi 3 ou 4 fwa pa semèn nou kwaze, lakay mwen ou lakay li, nou bwase bèl legim nou.

21 oktòb 2019, m fè yon sòti ak mennaj mwen, nou ale nan restoran epi nan teyat. Yon bèl sòti! Men, gen yon bagay ki attire atansyon mwen, tout kote nou pase, moun ap lonje dwèt sou nou, fè ti chwichwi chwichwi. Sa te panike m, men mpa fè bri ak sa, mwen pat vle gate pwogram mwen akoz moun ki dwe jalou, egri ki ta renmen nan plas mwen. Mwen al depoze Titi lakay li epi mwen byen lave chodyè li. 

Anvan mwen deplase, mwen pase sou kote, poze kèk ti kesyon pou m eseye konprann sa k tap pase konsa pandan jounen an. Aprè anpil rale mennen vini, manmzèl deside ban m verite, di m tout bagay, mete m alèz. Mwen mete zòrèy mwen an twonpèt epi se konsa li di m ke depi nan timoun li, li damou gason, ke lè nou te rankontre a, sa gen 4 lane, li te apènn genyen 7 mwa depi li te fanm. Se yon operasyon li te fè, ki fè li pa gason ankò. Kidonk, moun ki tap ri yo, se dwe moun ki te konnen l anvan li te fanm. 

Yon sèl kè plen pwan mwen, m vomi fyèl mwen. Yon fòs dyab monte m, m kenbe Titi nan tèt epi m kase kou li. Li mouri sou plas.

M pwan kouraj mwen a 2 men, m rele lapolis. Men kijan m pwan minòt, mwen jije epi m pwan prizon nan Montréal. Ou ka di m anraje, ke m gen tan gen 4 lane depi map jwe nan jwèt la, m te dwe jis kontinye. M pa wè l konsa.  Men nan ki salmanaza mwen tonbe. Rezilta gwo peyi, kote lasyans avanse, yo pa kontante yo fè fo zong, fo cheve sèlman… yo fout refè moun tou!


Crédit: Richarson Dorvil

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Haïti/USA : Les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution

Concernant la Force multinationale, les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution Les États-Unis ont ordonné ce mardi...