Si pou anpil gason «dimansyon» komisyon dankèt la se yon gras, yon benediksyon, pou Debodyè se te yon kwa li t ap pote. Kanmarad sa a ki te chita ansanm ak mwen sou menm ban lekòl te pote ti non : etchò, mal bourik, paske li te pote pou tout gason nan fanmi li. Mennaj li Ti Rose, ki te yon manman aloufa, ta pwal kite ak li aprè yon mwa renmen, paske li wè li te ka mouri anfwajele. Depi lè sa a, nou t ap desann reto, pou Debodyè bay yon ti gengenn yon plezi, se bouch al lang ki pou ede l paske si se pou lòt koze a, se lapèn, se tristès.
10 lane aprè nou fini lekòl, mwen pwal kwaze ak Debodyè sou tèt Pic Macaya, nan kad yon pwojè pou plante pye bwa nan kèk espas, kote moun ki ap viv nan tèt mòn nan te koupe bwa pou fè chabon epi boule pou yo ka fè jaden.
Pic Macaya, pou konpatriyòt ki pa konnen l yo, e m konnen pi fò ayisyen pa gen chans konnen li, se dezyèm tèt mòn ki pi wo an Ayiti. Li kole ak 3 depatman : Sid, Grandans ak Nip. Se yon paradi kote genyen yon kalite plant, zannimo espesyalman zwazo, krapo, papiyon ak koulèv ki pa genyen okenn lòt kote sou latè.
N ap kite kantik pou nou pwan priyè. Nan tèt mòn nan, mwen ak Debodyè fè ladesant kay Madan Selibyen, yon notab nan zòn nan, premye moun ki te genyen kay tòl nan kanton an, premye pitit li Jewòm ap viv nan peyi Canada e li gen yon lòt pitit fi, Solange, ki lekòl nan Pòtoprens ki pwal desann bakaloreya (filo) lane k ap vini.
Avèk anpil kouraj n ap fè travay agwonòm nou ki se plante bwa nan tèt mòn nan, men bagay la pa fasil. A 5 kè nan maten, nou blije sòti chak jou pou al kòmanse travay la. Men ak kantite pye bwa ki genyen deja anwo a, e paske nou sou tèt yon mòn, fwedi ap kokobe nou. Kèk fwa, dlo nou konn ap bwose dan nou an konn pweskè fè glas tankou fresko. Pi mal toujou, nèg ap dòmi men nan fouk.
Solèy lavi a pwal klere sou nou, lè Solange sòti Pòtoprens vini pase vakans lakay li. Li genyen 3 ti zanmi ki vini pase kenjou ak li, pou dekouvri paradi sila a ki kache anlè a. Lasosyete, se pa nan bouch pa m pèsonn pwal konnen ke antèn ti nèg gen tan kanpe ap chèche siyal, nèg ap kwochi dyòl yo pou pale ti franse, paske medam sa yo ki lekòl kay mè rive anwo a, yo pwèske pa janm lage yon mo Kreyòl atè. Lè yo pwan pann fransè, yo pito resite pwezi ak fab pou yo ka moutre yo pa kanmarad tout moun.
Yo pale lang yo, nou kontan pou yo, men nan tèt Pic Macaya sa a gen yon kote fòk yo febli, fòk « solitid” la ki marye ak fwedi a fè yo desann sou tè. Se la a mwen ak Debodyè te pare pou yo e nou pwal bon sou yo. Lè solèy la di nou orevwa, nou limen yon lanp kòlman nan lakou a, anba yon pye bwadòm. Nou mete chèz ak tab, kote nou pwofite jwe kat ansanm anvan nou al dòmi.
Kòm gen limyè, medam yo oblije rasanble, vini patisipe. Nan pwan ti plezi ansanm, anpil ti pawòl pale. Se konsa, Debodyè ki pi flannè pase m lontan, pwal kase randevou avèk youn nan medam yo.
Demen nan aswè, bagay konsa pa nan tèt mwen ditou, m ap jwe ti kat mwen, desann ti te melis ak sitwonèl mwen, se konsa mwen wè ti gengenn nan pase ak tout boulin, sòti nan joupa nou an, kouri antre kay Madan Selibyen. Se lè sa a m pwal sonje te gen yon dizon ant li ak patizan m Debodyè.
M fè yon jan m kouri fini pati a, m kraze jwèt la, pou m al pwan nouvèl kisa k pase. Mezanmi, lè m rive m jwen Debodyè sou do, 2 ran dlo nan je l. M di ahhh pou yon fwa gen yon jwè ki bat mal bourik, li sanble jwen yon advèsè ki pote pase l.
Ebyen mezanmi, se te byen konte, mal kalkile.
Pawòl pa pou nou, nan pwoteje ti elèv kay mè, 19 lane a, Debodyè epaye l manch pilon an, ebyen se konsa bouch li al tonbe nan yon labouyi kè mayi, bagay ki ap konfi depi nenpòt 2 jou.
Nou pa ta vle kwè sa, men, Nan fwedi dlo glase sa a se pa tout moun non ki genyen kouraj pou fè lijyèn kò yo. Pou jan mesye a rakonte m, bwat levenn sa a sanble pa kwaze menm ak yon ti twal mouye non. Nou menm, pwan prekosyon ak ki kote n ap mete bouch nou, paske gen anpil move sipriz deyò a.
Kredi Tèks ak foto: Richarson DORVIL
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire