![]() |
| Foto: Marc Antoine Moïse, sòti bò goch, premye jwè ki kanpe a bò kot Marion Léandre |
Agwonòm Marc Antoine Moïse te foutbolè tou. Se te yon pèsonalite rezève. Selon jan m te wè l, li parèt pa t gen anpil zanmi, apa Frantz Jean-Charles, Vertus Grand Pierre, antrenè Pierre Monpoint ak petèt youn ou 2 agwonòm menm pwomosyon oubyen diferans 1 nan avè l, yon Frantz Calixte, paekzanp. Pasyon misye pou foutbòl pa t parèt ditou paske li toujou frèt kou w mab. Mwen sonje, omwen 2 fwa, lè antèn satelit fèk alamòd Pòtoprens, Marc Antoine Moïse te antre Pòtoprens pou l gade Koup Entèkontinantal ki te konn fèt Japon. Se pou foutbòl sèlman, ondirè, Marc Antoine te aksepte "mache kay moun". Se pou foutbòl sèlman, lè l retounen Gonayiv li te dakò vin Pòtoprens. Dayè, se Gonayiv li te konn sòti, spesyalman pou match sa yo. Li dòmi Pòtoprens epi, opipirit chantan, li tounen Gonayiv. Ou ka di li te evite sosyete.
Men, apre karyè foutbolè l li te pase ant Racing Gonayiv, lig Gonayiv, ak Racing Pòtoprens, li te antrene jèn Gonayiv yo. Si w te pase yon jou lasemèn nan vil la, nan aprèmidi, vè 4 trè, ou t ap jwenn Marc Antoine ap antrene jèn foutbolè ak pasyon. Aprè antrènman an, l ap kontan di 2 ti mo avè w sou foutbòl: Ayiti, Brezil, sou karyè l, sou kalite jwè Gonayiv yo... Konsènan karyè l nan seleksyon, li te di m yon jou: se yon mit, istwa yo rakonte se Philippe Vorbe ki pa t vle yo pran l nan ekip 74 la. Li te eksplike m li pa t janm gen lese frape ak Philippe ni avèk Tassy. Se etid ak travay li, lè l fin diplome, ki te anpeche l suiv antrènman seleksyon an. Ane apre ane, li pa t menm itilize telefòn. Chak fwa, mwen mande pou li, ke se nan telefòn, ke se Gonayiv lè m ale pou zafè foutbòl, repons lan toujou menm pawòl la : "Doudou pa sòti menm non"! Gen yon jou, yo te blije mennen m wè l lakay li. Sa te klè, se pa t menm atlèt la, san li pa t sanble l malad. Se yon nonm ki te di anpil ak tèt li, plis ke jan l te konn defann ekip li. MAM te yon stoyik: yon moun ki pa konn kijan pou l kriye, kijan pou l plenyen.
Lè Wilner Nazaire ale nan Valenciennes, an Frans, nan mwa out 1972, se Marc Antoine ki te ranplase l nan mitan defans Racing nan. Se konsa, piblik Pòtoprens lan dekouvri yon bèl aryè santral, 1, 85 mèt, teknik e ki te konn fè atakan respekte l. Li te jwe final Koup Pradel, Dimanch Pak 14 avril 1974 la, Resin bat Vyolèt 1- 0, zèv ti Fito Léandre ki te byen eksplwate yon ti sant an retrè Eddy Antoine.
Kòm foutbolè inivèsitè nan Fakilte Agwonomi (UEH) ki leve Gonayiv, Marc Antoine Moïse te fòme triyo majè ekip li a ak Frantz Calixte, timoun SenMak ki te jwè Lègnwa, plis Hébert Docteur timoun Pòdpè.
Yo pèdi 2 final an 1972 ak 1974. Se bòs mason Fakilte Syans Leta a ak Medsin nan ki te kale yo, toulède fwa yo, 1-0. Gòl medsin nan, se Nadim Salomon ki te fè l aprè l te fin rache balon an nan pye Moïse ki pa t janm vle kraze. Match sa a te jwe nan Pak SentTerèz, Petyonvil, paske yo t ap repare Silvyo Katò pou tounwa eliminatwa Koupdimond sòti 29 novanm rive 18 desanm 1973 la. Epi, MAM te chanpyon an 1974 kont avoka Fakilte Dwa yo, 2 a 0. Toutlè sa a, se Marion Léandre ki t ap antrene ekip agwonomi an pandan li t ap jwe nan Resin ansanm ak MAM.
Defen an te tounen Gonayiv. Li travay kòm agwonòm, li jwe entèrejyonal pou Towo Begle a. Li jwe pou Racing Jinyò tou anvan li te vin antrenè ak dirijan l. Mwen toujou imajine Pierre Monpoint, Vertus Grand Pierre ak Marc Antoine Moïse te doktrinè yon modèl foutbòl nan vil Gonayiv, Woule Balon. Franck Civil te reyisi modèl sa a nan Victory, Pòtoprens. Mwen imajine 3 Gonayivyen sa yo k ap diskite sou wòl pèsonèl 4 mitan teren yo te konn aliye nan ekip ki te pèdi 2-0 nan final 84 kont Vyolèt la e ki te genyen 2-0 tou nan final 85 lan kont Ègnwa. Mwen vle pale de Octalus Alexandre, Francen Alexandre (Kanneya), Serge Auguste (Ti Sègo) ak Miguel Saint-Jean. Se youn nan 5 ou 6 pi bèl mitan teren mwen wè nan foutbòl ayisyen an.
Kidonk, defen an te yon gwo pèsonalite foutbòl, yon gwo konesè, yon gwo foutbolè. Moun ki te viv pwòch li, tankou Frantz Calixte, konnen li te "makawon" si yo te chèche l kont. Se te yon aryè santral di "sur l'homme", ki pa t janm jwe brital. Se te tou, nan lavi, yon moundebyen, men ki pa t ri fasil. Sa te fè l sanble ak yon towo begle sou figi
alòske li te gen kè yon mouton. Menm jan tou, lè n ap pale de gwo aryè santral nan istwa foutbòl ayisyen, li ra pou nou site non Marc Antoine Moïse. Antouka, li se jenerasyon ekip 74 la. Si l pa t bay etid li priyorite, li t ap an n Almay pou premye koupdimond Ayiti a.
Adye Marc Antoine.
Crédit: Patrice Dumont
2 desanm 2025

Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire