Radio Internationale d'Haïti EN DIRECT!

mercredi 21 août 2024

Si ou vle, ou kapab!

               André Fouad 
M dwe te genyen 15 ou 16 lane sou tèt mwen, chòv la, gwo vant la pot ko parèt, tout san m te sou mwen, lè yon zanmi m, Caleb Jeannot, envite m nan yon konsè mizik evanjelik nan kolèj Interfamilia, Delmas 91. 

Jodi a m pa konn kijan konsè sa yo pase, men lontan se te youn nan meyè kote pou ou wè bèl timoun ki genyen legliz. Pa gen vwal sou tèt ni jip k ap trennen anba pye. 

Teknon Vox te fini jwe, Agape Theou ta pral monte sèn nan. Nan mitan 2 gwoup yo, animatè a anonse powèt André Fouad pral depoze yon pwezi. M te konn li mesye a nan magazin, men je m pot ko janm wè li. M pa janm sezi konsa lè m wè se yon jenonm ki ka banm 4 ou 5 lane. Powèt la ap mete pwezi atè, medam legliz yo prèske pran kriz. 

M gade anwo, m gade anba, m fout fè yon kòlè, m vire do m, mwen ale lakay mwen. Jalouzi a te wo anpil, si m te lafyèv, byen petèt an aswè m te ka pase m touye André. 

Rive lakay mwen, nan tèt mòn Fermathe. M kouche, men, m toumante, m pa fouti dòmi. Gwo kè vle toufe m. Aprè yon ti tan, gen yon vwa ki di m, se pa rayi pou w rayi l, se efò pou w fè tou. 

Demen maten, m leve, olye m kouri al sou teren baskèt la jan sa toujou konn fèt, mwen ale nan bibliyotèk, mwen al enskri, epi kòmanse dekouvri diferan fason pou ekri yon bon tèks. 

M kòmanse ekri ti pwezi, medam kolèj advantis yo korije m ak plim wouj. Men m pa dekouraje. M kontinye aprann, jiskaske yon jou, m jwen chans mwen pou m ekri pou yon sit entènèt. Sit entènèt la louvri pòt jounal Le Matin pou mwen. 

Yon jou, pandan m nan jounal la, m resevwa yon email, kiyès ki ekri m? André Fouad! Lasosyete, m pase 2 jou m pa louvri email la, paske mpa konnen ki erè grav mwen fè, gran mèt la ekri m pou li tape m. Jou m resi louvri email la, jeni an ekri m, pou li di m, li renmen fason m ekri, li voye pou mwen bouyon yon liv li pral sòti, li ta renmen mwen li l epi di li sa m panse… 

Richarson Dorvil 

M kriye tankou yon timoun. Epi m di, si ou vle, ou kapab. Bagay la se pa detwi lòt, se konstwi tèt ou. Jodi a, m ap aprann ekri avèk fòs, paske m twouve m manke anpil, pou m ta rive ekri yon tèks ki kapab touche nanm e pote yon mesaj ki ede sosyete a. An atandan, jan ou renmen di li a: « André Fouad, je lève mon verre à ta santé! »


Kredi Tèks: Richarson DORVIL

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Haïti/USA : Les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution

Concernant la Force multinationale, les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution Les États-Unis ont ordonné ce mardi...