W ap pale, ou pale, ou pa di anyen
Ou vire ou tounen, ou pa kanpe sou anyen
W ap twoke, machande, ou pa gen mwayen
Ou gen lè konprann se pou lajan m ap plenyen
Men si tèt ou vid, pòch ou te mèt plen
Sa pa di m anyen !
Fon w poze, pa vanse, kanpe lwen
Anvan ou mache sou mwen ann koze
Eske ou pase sou ban lekòl, ki klas ou rive ?
Eske ou desann bakaloreya ? pran diplòm ?
Fon w poze, pa vanse, kanpe lwen
Eske ou ka eksplike m, di m sa w panse
Sou koze filozofi Descartes ak Nietzche ?
Ki pouvwa lalin genyen pou l fè vag monte desann ?
Fon w poze, pa vanse, kanpe lwen
Ki talan kache w genyen?
Eske w konn lave pase ?
Eske w te aprann fè manje ?
Fon w poze, pa vanse, kanpe lwen
Mwen konnen w gen pawòl dous
Mwen eske w gen bon jan sous
Pou w sa vire lòlòj mwen
Fon w poze, pa vanse, kanpe lwen
Se yon lòt epòk n ap viv kounia
Pou pran fanm sa a
Pòch ou te met vid men…
Fòk tèt ou plen
Crédit: Muriel Vieux
-6 Novanm 2023 -
©Tout dwa rezève
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire