Radio Internationale d'Haïti EN DIRECT!

jeudi 7 septembre 2023

Chèf yo te mande m monte barikad yo pi wo

Yon tèks mwen te ekri nan lane 2019 pou militan ki toujou kanpe an dan devan pou swiv avoka pèp la, lidè bayakou yo 

Chèf yo te mande m monte barikad yo pi wo…

Lè kòk la chante, labwim  diswa pase, solèy la kale je l, li kwape lawouze, nou tout wè jounen an kòmanse, men nou pa konn kijan l ap fini, nou pa menm konnen si n ap wè jan l ap fini paske gen anpil chans pou nou fini anvan li… Men, gen yon bagay nou pa dwe neglije, nou kapab ranje kabann nou anvan dòmi nan je nou. Kidonk, si nou vle jounen an byen fini, fòk nou prepare l depi lè nou leve. 

Mesye dam, lasoyete lizay pou nou. Non pa m se Lubin, map viv sou Fò, nan koridò Zokrekò tèt de mò. Depi m fèt, se la a m ap bouje, mwen aprann tout bwass lari a, sibi tout tray lavi a. M pa rive lwen lekòl, m pa janm travay nan vi m. M pa gen fanmi, m pa gen zanmi, m gen yon vwazinn ki rele Dyekila, ki jere m chak fwa m gen yon bagay ki grate m, yon pati ki twò cho nan kò m. 

Manmzèl  se yon bout glas ki desann chalè sik 50 mwen. Lè bagay yo bèl nan men m, mwen sèvi ak Dyekila. Men, se pa lajan ki enterese li, li renmen m natirèlman.  De tan zan tan, li fè lesiv pou mwen, touye vè anndan vant mwen, men nou chak ap mennen ti vi nou. M pa al chèche konnen konbyen nèg k ap jwe nan jwèt li, ni li pa fè m okenn ekzijans. 

Lavi a pa woz nan koridò a pou pèsonn, men li pi difisil pou mwen menm a 36 lane sou zo bwa tèt mwen, m ap viv nan yon pyès kay koule, kote la mizè ap dirije. Pandan m ap viv nan kondisyon mizerab sa yo, zòrèy mwen pa bouche, je m kale, m ap  gade san pwan  kijan ti nèg ap pwan san gade. Fwistrasyon anvayi m, mwen pa wè kisa pou m fè, se pwan beton an, antre nan mouvman opozisyon an, pou mande prezidan an lage cha a. 

Chak maten, m pwan beton an, paske sitiyasyon an pa ka rete konsa, fòk malere viv, fòk nou jwen jistis ak leta sansi sa a kap peze, souse san nou tout lajounen. M kanpe rèd dèyè barikad mwen, ti mari pap monte, ti mari pap desann. 

Pandan tan sa a, Dyekila pa wè ak mwen, manmzèl ap soufri, li pa jwen mwen pou ba li yon rafrechi lizyè, yon netwayaj kannal. Malgre tou, chak jou, li antre nan bidyonèl mwen an, li kite 2 ou 3 grenn depaman pou mwen, se yo ki kenbe m, fè m kanpe an gran moun  chak maten lè m mete pye m atè. 

Jounen 2 novanm nan, m te mete m a la maskay nan zòn katedral pou m mete barikad, se konsa m tande yon bwi: « POW ». Lè m rekonèt mwen, se lopital jeneral mwen kouche, yon chenn mare m nan yon somyè kabann, m pwan yon bal bò kòt nan men lapolis ki t ap pase. Bablilòn bon sou mwen, yo mete bòy nan pwa m, yo vide dlo nan diven m. Nan yon ti tan m pwal chanje adrès, m pwal abite ri di sant, nan penitansye. 

M pwan kouraj kote m kouche a lè m tande nan  radyo yon lòt malad, estasyon radyo opozisyon an ap jwe yon mizik levanjil ki se yon sewòm pou mwen.
“la repare tout sa cheni yo te gate, alelouya Jezi pwal restore…”

Men, kontantman m pat pou lontan, paske yon ti tan aprè, m tande yon lifè, avoka pèp la pale, li di tout sa ki mouri, sa k ap pouri nan prizon, se lwil ki tonbe nan motè batay rezistans pèp la. Se lè sa a mwen rann mwen kont ke m te nan batay pou kont mwen, ke m te kondane pou al fini nan prizon, pat janm genyen batay pou pèp. 

Tout sa ki t ap ankouraje malere pwan lari yo, se enterè pa yo t ap jere. Malgre vag lavi ki sou pouvwa a pap regle anyen, men sa ki vle ranplase l yo pa pi bon pase l e se yo ki te la an 1986, 1991, 1994, 2004, 2011,2016, 2017… Nan tout kriz, se toujou yo, swa yo anndan palè, oubyen y ap chèche antre anndan palè. 

M te pwan plezi m nan lòk peyi a, men se jodi a m ap rann mwen kont ke peyi a se pou mwen li te lòk depi jou m fèt. Chèf yo, dirijan opozisyon toujou sikile tout kote, jan yo vle, lè yo vle. 

Pandan militan ap pwan bal nan manifestasyon, madanm chèf yo nan estidyo nan peyi etranje, pitit yo lekòl nan peyi blan. Wi, se pou mwen ak lòt dezespere yo peyi a lòk, li te toujou lòk. Nou pat janm gen dwa al lekòl, ni travay, ni sekirite, ni jwen swen nou merite nan lopital. 

Malere, tèt pete, avèg parèy mwen ki pa nan plan okenn politisyen karanklou, lidè bayakou, se nou ki toujou nan bèl diskou, men se nou ki toujou viktim. Chodyè a toujou monte sou tèt nou, men nou pa janm chita bò tab la, manje a separe nan chanm, nan gwo lotèl, kote pyeton, moun ki pa pale fransè pa ka rive. 

Chèf la te mande pou monte barikad yo pi wo, mwen te monte yo pi wo. Jodi a, san m se lwil pou motè batay « pèp » la, men an reyalite, se san enbesil ki koule pou byenere, sankoutcha al pyafe sou do lòt malere nan geto, k ap toujou anba pye sa ki rich yo k ap vini pi rich, pandan nou ki pòv yo ap vini pi pòv.

Crédit: Richarson Dorvil

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Haïti/USA : Les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution

Concernant la Force multinationale, les États-Unis ordonnent la cessation immédiate de leur contribution Les États-Unis ont ordonné ce mardi...